
Avèk yon estrateji ki garanti pou funding, jere biznis ou vin pi fasil, paske wap gan lajan nan menw pou sipòte depans ou.

"Soumèt aplikasyon" Sa a mande pou w ranpli fòm nou an sou entènèt ak detay biznis ou ak enfòmasyon finansye ou. Yon fwa ou soumèt li, nou pral revize dosye a pou nou evalye bezwen finansman ou ak opsyon ki pi bon pou ou..

"Pran Premye Randevou Finansman Ou" pèmèt ou planifye yon konvèsasyon ak ekspè finansman nou yo pou diskite sou bezwen biznis ou epi eksplore diferan opsyon finansman ki disponib pou ou.

"Fikse Objektif" vle di defini objektif ak rezilta espesifik ou vle reyalize ak finansman ou pral resevwa. Etap sa a ede w klarifye vizyon ou epi asire sipò finansye ou jwenn lan mache nan menm direksyon ak plan estratejik biznis ou.

"Jwenn Rezilta" vle di wè rezilta konkrè efò finansman ou yo. Etap sa a gen ladan l swiv enpak lajan ou resevwa sou objektif biznis ou, evalye pwogrè ou, epi reyalize amelyorasyon oswa kwasans ou te vize a.